top of page

Dis nouvo Akademisyen ak yon konseye konsiltatif tou nèf entegre Akademi Kreyòl Ayisyen

echoayiti.com

10 nouvo Akademisyen ak yon konseye konsiltatif entegre Akademi Kreyòl Ayisyen jou ki te vandredi 30 jen 2022 a. Yon seremoni enstalasyon te dewoule nan otèl Maryòt Tijo pou te selebre rantre nouvo Akademisyen sa yo ki vi n pote kole pou voye lang kreyòl la pi lwen .


Anoil Moun te pran lapawòl pou swete akademisyen sa yo byenvini anndan Akademi Kreyòl Ayisyen ki genyen 8 rekòt kafe sou têt li. Dis non akademisyen sa yo se: Marie Jeanne Léo Charles, Yvon Lamour, Norah Amilcar Jean François, Lyonel Desmarattes, Jean Robert Placide, Sandra Duval, Régine Duroska Murray, Al Dunel Dimanche, Altagrace Payen Auguste, Chantal Hirsch Noël ak konseye konsiltatif la ki se Jean Marie Mondesir.


Anpil moun te pran lapawòl tankou Fritz Deshommes rektè inivèsite leta Ayiti a, Prezidan AKA a Rogeda, Dorcé Dorcil ak minis kilti ak kominikasyon an Madan Emmelie Prophète Milcé pou swete yo chak nan fason pa yo byenvini ak dis nouvo akademisyen yo ki vinn bay yon gwo kout men k ap pèmèt yo itilize lang Kreyòl la tout kote nan peyi a. Yo te fè konen tout elèv lekòl dwe sispann pran pinisyon lè y ap pale kreyòl ki se lang manman yo lang ki reflete idantite yo ak diyite yo. Pou tout moun ki te pale nan okazyon sila a rekonèt tout Ayisyen dwe jui dwa lengwistik li dwe pale ak aprann nan lang Manman l. Lang Kreyòl Ayisyen an pa gen limit. Li nan literati, matemarik, chimi, lasyans, radyo, televizyon, Mizik. Lang nan gaye toupatou nan tout kwen kote ki genyen Ayisyen. M'en malgre reyalite sila a gen moun k ap fè kòmsi yo pa konprann sitiyasyon an. Depi konstitisyon 1987 la fin rekonèt Kreyòl kòm lang ofisyèl lang lan deja fè anpil gany men batay la fèk kòmanse


«Dwa pou yon moun pale lang li ak dwa pou li resevwa sèvis li bezwen nan lang li konprann de yon prensip inivèsèl ki sakre. Tout moun dwe goumen pou yo respekte dwa sa a, pèsonn pa dwe mete dwa lengwistik yon moun sou Kote. An nou kontinye pale ekri, chante an kreyòl gadyen eritaj nou».


Minis kilti AK Kominikasyon an Emmelie Prophète Milcé mande pou lang Kreyòl la ki soude tout Ayisyen dwe gen plis kontni. Daprè jan minis la pale li t ap pi bon pou yo ta tradui tout gwo zèv ki nan patrimwan literè mondyal an Kreyòl pou pi plis moun ka konprann. Li felisite travay AKA fè deja ak sa li pwal fè pou kenbe flanbo lang Kreyòl la byen wo pandan li envite tout lòt ki poko fè sa pou yo rantre nan wonn nan. Li mande tou pou AKA kontinye travay pou ranpli misyon konstitisyon 1987 la konfye l ki se kore lang Kreyòl la anba prensip lasyans.


Yvon Lamour yon nouvo Akademisyen te pale nan non 9 lòt akademisyen yo pou yo di yo pare pou yo bay tout yo menm pou respè lang pèp Ayisyen an yon eleman enpòtan pou devlopman peyi a. «An nou mete lang Kreyòl Ayisyen an nan vrè plas li nan tout sikonstans se sèl fason n ap rann sila ki pale Kreyòl sèlman jistis».

57 vues
bottom of page