top of page

Extrait de Pwa grate

echoayiti.com

Chofè m p ap rive pi lwen

Souf mwen poko sevre

M pa vle lanmò lemante m


Yo di m se sou pòtay

leta kouve lamizè

pou gwosi lavant mòg


Yo di m se la tou

tout ekspedisyon pran detant

pou fè desten n soud


Tanpri chofè lage m la

Twòp rèv degrengole

nan branch chive ri lantèman…


Jessica Nazaire, Pwa grate, p.79

bottom of page