Lang ak devlòpman konesans nan sal klas yo an Ayiti

Dernière mise à jour : 13 juin

Par Marky Jean Pierre

Membre de l'Académie du Créole Haïtien

echoayiti.com

Ayiti se yon peyi ki an kriz. Li trè posib pou fraz sa a se yon fraz anpil nan nou menm Ayisyen repete prèske chak jou nan dènye moman sa yo la a, oubyen byen fò oubyen an silans. An reyalite genyen anpil rezon Ayisyen ka bay pou yo montre peyi yo nan kriz. Men pandan n ap viv moman kriz sa yo, gen yon lòt gwo kriz ankò mwen pa kwè twòp nan nou menm Ayisyen konsidere: kriz moman n ap viv yo ka tèlman absòbe nou, li trè fasil pou nou pa mete twòp aksan sou yon seri aspè fondamantal nan devlòpman sosyete a. sa se yon lòt gwo kriz. Youn nan aspè fondamantal sa yo se edikasyon, an patikilye kesyon lang nan edikasyon.

Pou mwen atire atansyon konpatriyòt yo sou kesyon lang nan nan peyi a, m ap pataje avèk nou refleksyon m ap fè depi kèk ane, m ta di depi nan kòmansman venteyinyèm syèk la. Pou mwen reyalize travay sa yo, mwen fè yon seri rechèch nan sal klas yo, mwen entèvyouwe konsène tankou: anseyan, direktè lekòl, enspektèk distri eskolè, epi paran. Nan kad travay sa a tou mwen fè rechèch sou kesyon lang, sou nosyon ideyoloji a menm ansanm ak rapò ideyoloji ak lang, sou nosyon premye lang oswa lang manman, dezyèm lang, lang etranjè ak lang eritaj, epi lang ak literati. Mwen gade tou lòt aspè ki gen rapò ak lang, tankou: aspè antwopoloji yo ka aplike nan kesyon lang, jan lang devlope sou latè, jan lang devlope nan yon sosyete tankou sosyete Ayisyen an an patikilye, kesyon kolonizasyon, pòskolonizasyon, kolonyalite ak neyokolonizasyon, epi kesyon devlòpman moun parapò ak devlòpman kolektivite moun yo. Mwen gade tou wòl edikasyon nan devlòpman yon sosyete epi wòl lang jwe nan devlòpman moun epi sitou kesyon lang nan nan sosyete ki devlope akoz rankont kolonyal yo tankou nan ka Ayiti pi espesifikman. Sa ap fè m plèzi anpil si kèk konpatriyòt ki ta enterese wè jan m kòmanse elabore sou kèk nan eleman sa yo pou yo ta voye yon kout je sou liv mwen deja pibliye, sou atik mwen ki parèt nan kèk jounal, oswa sou chapit mwen ki soti nan kèk ouvraj kolektif. Bi mwen se kontribye nan konvèsasyon an paske, nan sans pawòl Mikhail Bakthin (1981, 1986), tout sa mwen ka di deja jwenn yon dividal lòt koze lòt moun te deja di. Mwen konsidere vwa pa m sèlman kòm youn nan vwa yo, e m konsyan vwa pa m se p ap dènye vwa a. Avèk tout imilite, mwen evalye reyisit mwen nan sans sa a lè mwen ka wè nou genyen yon konvèsasyon konstriktif ki kontinye plis devlope toujou nan mitan nou menm Ayisyen sou kesyon lang nan. Li klè pou mwen se pa yon aspè nou ka neglije. Plis nou ta chache kouri pou kesyon lang nan se plis kesyon lang nan ap suiv nou.


Refleksyon m ap pataje avèk nou nan atik sa a chita sou jan kèk anseyan abòde nosyon konesans nan sal klas yo an Ayiti. Alò nou va konprann pi devan, lè m di ‘anseyan’, mwen sitou wè yon pitit sosyete a prepare yon jan espesifik pou demen li al prepare lòt Ayisyen k ap vin sitwayen. Donk n ap retire tout blam sou endividi a an patikilye pou n fokis sou aspè diskou makwososyal la nan jan nou abòde konesans e ki lè nou jije yon moun ‘gen’ konesans.


Atik sa a pi espesifikman, baze sou videyotep yon leson 40 minit mwen te anrejistre nan yon kou istwa nan klas twazyèm ane nan yon lekòl prive mwen t ap obsève. Mwen transkri tout leson an nèt epi mwen analize transkripsyon an selon metòd Mehan (1978, 1979) ak Bloom (2005) devlope sou pawòl anseyan ak elèv atikile nan nan sal klas epi sou Etid Mikwo-etnografik Diskou nan Sal Klas klas.

Pwen ki pi enterese m nan nan pati sa a nan travay la se evalye enpak diskou nan sal klas la, an patikilye enpak pawòl anseyan an, sou devlòpman akademik elèv yo epi konprann ki kontribisyon diskou sa yo genyen nan avansman elèv yo an jeneral nan lavi yo kòm sitwayen ki gen pou vin pran destine peyi yo.

Nan maten sila a, anseyan an kòmanse klas la avèk yon seri aktivite kòm woutin matinal tankou: priyè, chante, apèl, ekri nonb etidyan ki nan klas la sou tablo a, epi apre aktivite sa li mande elèv yo pou yo prepare yo pou kou istwa a. Kou istwa pou jou sa a te fokis sou yon seri evènman istorik lè tèritwa ki se Ayiti kounye a te anba rèy kolon Espayòl. Analiz done yo moutre anseyan an ak elèv yo pran lapawòl katreven twa (83) fwa nan kou a. Dapre metòd mwen itilize pou analiz transkripsyon an, mwen jwenn anseyan an enonse karant twa (43) pawòl, ki vle di li pran lapawòl 43 fwa, elèv yo enonse vent sèt (27) pawòl an gwoup kòm repons yo bay pwofesè a, epi mwen jwenn genyen trèz (13) lòt pawòl yo enonse mwen mete nan kategori enonse jeneral. An nou konsidere konsèp inite pawòl pou chak fwa anseyan an oubyen elèv yo pran lapawòl. Nan sans sa a, done yo moutre 43 inite pawòl anseyan an ak 27 inite pawòl elèv yo se pawòl sa yo ki plis gen rapò dirèk avèk leson istwa a. Li enpòtan pou mwen note kantite enonse yo, sa vle di, inite pawòl ki gen rapò dirèk avèk leson istwa a paske kapab gen yon bon kantite pawòl lokitè yo di nan yon sal klas ki ka pa toujou genyen rapò dirèk avèk sa elèv yo vrèman sipoze aprann nan. Analiz transkripsyon kou leson an moutre nan 83 inite pawòl lokitè yo enonse nan klas la, genyen swasant dis (70) ladan yo ki gen rapò dirèk avèk leson istwa a. Espesifye kantite enonse nan kou a ki plis gen rapò egzat avèk leson elèv yo ap aprann nan pa retire valè lòt koze yo di nan klas la. Men, analiz diskou nan sal klas yo montre tou jan nou kapab etidye valè pedagojik yon kou nan yon sal klas si nou byen analize pawòl moun yo ki angaje nan tach ansèyman-aprantisaj la atikile nan kad kou a. Kòm yon kou istwa, li enpòtan pou nou analize inite pawòl yo nan sal klas la ki gen rapò dirèk avèk kontni leson istwa a epi pou nou analize nivo kontribisyon pawòl sa yo nan ede elèv yo develope konesans nan istwa peyi yo a.


Analiz inite pawòl yo nan kou sou istwa a moutre pawòl anseyan an ki gen rapò ak kontni istwa leson an gen karakteristik apèl pou resitasyon oubyen repetisyon, nan sans mande elèv yo pou yo repete kèk aspè nan leson an jan l ye a nan liv la. Menm analiz la moutre inite pawòl elèv yo enonse yo gen karakteristik resitasyon oubyen repetisyon, nan sans lè anseyan an mande yo pou yo repete kèk aspè nan leson an jan l ye a nan liv la. Depouyman done yo moutre anseyan an enonse apèl pou resitasyon 43 fwa epi elèv yo emèt inite pawòl 27 fwa, nan sans repons yo enonse lè anseyan an atikile yon rekèt. Si nou konsidere RR kòm rekèt anseyan an pou resitasyon ak repetisyon, nou ka di RR=43. Si nou konsidere RE pou repons elèv yo, nou ka di RE=27. Done yo pa moutre genyen nan inite pawòl anseyan an enonse yo ki pèmèt mwen kategorize yo kòm apèl pou elèv yo pataje opinyon yo sou leson istwa a oubyen pou yo ta moutre y ap aprann kèk nosyon nan kou a san resite leson istwa a pakè jan li ye nan liv la. Mwen pa jwenn nonplis inite pawòl elèv yo enonse nan kad klas la ki pèmèt mwen kategorize yo kòm pataj opinyon yo sou leson istwa a oubyen pou yo ta moutre y ap aprann kèk nosyon nan kou a san resite leson istwa a pa kè jan li ye nan liv la. Donk si nou konsidere AO pou apèl pou opinyon, nou genyen AO=0 e si nou konsidere RO pou repons elèv yo ta bay pou yo pataje pwòp opinyon pa yo, nou genyen RO=0. Yon lòt kote, analiz done yo moutre genyen nan inite pawòl yo ki pa gen rapò dirèk ak leson istwa a. Si nou konsidere yo kòm lòt koze epi nou itilize LK pou nou reprezante lòt koze sa yo, nou genyen LK=13.

Figi 1. Tablo distribisyon frekans inite pawòl nan yon kou sou istwa



Elèv Ayisyen, Sistèm Edikasyon Ayisyen, epi konpòtman pèwokè nan Sal Klas yo.


Èske sistèm edikasyon Ayisyen an ta kontribye nan redui elèv ayisyen nan dimansyon yon pèwokè? An jeneral lè Ayisyen fè referans ak zwazo pèwokè, pafwa yo vle ilistre yon atitid pou yon moun repete yon pawòl e pafwa plizyè fwa. Ayisyen konn mansyone konsèp jakorepèt pou nan menm kontèks sa a. Genyen syantis tankou Friedman ak kòlèg li yo (2006) ki itlize pèwokè pou yo moutre yo ka prevwa jan animal sa a ap aji nan mete kondisyon an plas ki nesesè pou li aji jan yo prevwa a. Genyen lòt chèchè nan domèn edikasyon tankou Rosamond ak Martin (1997), epi Mayer (2002) ki itlize konsèp aprantisaj pèwokè pou yo fè referans ak aprantisaj pa kè, ki pa ede elèv yo devlope sans kritik yo kòm ajan sosyal. Leson istwa mwen te obsève a te fokis sou kolon espayòl yo avèk richès yo te genyen nan zile Ispanyola a. Analiz transkripsyon leson an moutre anseyan an poze elèv yo yon kesyon sou konbyen tan kolon espayòl yo te pase ap jwi richès yo nan koloni an. Anseyan an fè elèv yo reponn menm kesyon an twa (3) fwa pou li ka asire li yo memorize leson an byen. Pou elèv yo ka reponn kesyon an, gen nan yo ki eseye voye kout je nan liv la an kachèt epi genyen ki eseye resite leson an pa kè. Se lè elèv yo plizoumwen resite leson an jan li ye nan liv la anseyan an pa poze elèv yo kesyon ankò. Sa moutre atant anseyan an e menm atant elèv yo tou se rive konnen leson an pa kè.


Mwen divize transkripsyon an an plizyè segman. Nan segman ki moutre inite pawòl en (1) rive uit (8), anseyan an poze elèv yo yon kesyon sou dire richès kolon espayòl yo nan koloni an. Nan segman inite pawòl nèf (9) rive trant twa (33), anseyan an poze elèv yo yon seri kesyon konsènan richès kolon espayòl yo. Nan tou de (2) segman sa yo, genyen kèk etidyan ki eseye reponn, yo ezite epi yo di kèk mo nan leson an. Li pa t klè pou mwen si se paske yo t ap resite an gwoup, oubyen paske yo pa sonje leson an pa kè, oubyen si se ta menm yon pwoblèm lekti – nan sans difikilte pou yo ta li tèks la pou yo memorize l. Men, lè m obsève atmosfè klas la byen, ezitasyon yo a ta plis sanble gen rapò avèk difikilte yo genyen pou yo kondisyone memwa yo selon yon modèl estimilis-repons ki ta fasilite yo memorize yon seri enfòmasyon faktyèl nan fè repetisyon.


Obsèvasyon mwen fè nan klas la moutre tou leson an ki an fransè a epi limit elèv yo genyen nan lang fransè a ta kontribye nan difikilte nan sitiyasyon aprantisaj la. Dapre obsèvasyon mwen fè yo epi done mwen kolekte yo, li trè posib pou kesyon lang nan jwe yon wòl primòdyal ni nan egzijans pou elèv yo memorize e resite leson an pa kè ni nan difikilte elèv yo moutre pou yo resite leson an bay anseyan an jan li ap tann li a. Anfèt, menm lè se ta nan lang natif natal elèv la, li ka gen difikilte pou li memorize yon seri enfòmasyon mo pou mo.


Pou anseyan an kontinye leson an, li poze yon lòt kesyon: “Quelles furent les principales sources de richesse des colons espagnols » ? Elèv yo kòmanse reponn kesyon an, yo fè yon ti avanse anplis nan repons lan, men yo ezite epi yo antre nan bat bouch. Anseyan an mande yo pou yo repete repons lan. Elèv yo eseye ankò, yo ezite epi yo antre nan bat bouch chak fwa yo rive nan pati exploitation et importation ki nan moso leson yo dwe resite pou yo reponn kesyon anseyan an. Anseyan an moutre li sezi lè yon elèv di l’importation de la canne à sucre olye elèv la di exploitation des mines. Li fè elèv yo repete leson an ankò yon jan pou li sèten yo resite leson an kòrekteman, sa vle di jan li ye nan liv la. Selon obsèvasyon mwen fè nan sal klas la, resite leson an jan l ye nan liv la se paramèt sa a anseyan an itilize pou l konkli elèv yo ‘konnen’ leson an. Anfèt, ni anseyan an ni elèv yo, yo tout twouve yo nan yon kontèks edikatif ki fè yo kwè ‘konnen’ leson yo vle di rive kapab resite leson yo pa kè jan leson an ye nan liv la. Anseyan an moutre mòd evalyasyon pou sa elèv yo ‘konnen’ se rive resite leson an pa kè. Pou elèv yo menm, yo moutre yo entènalize yon mòd aprantisaj ki aprann yo ‘konnen’ yon leson vle di memorize leson an yon jan ki satisfè atant anseyan an – e atant anseyan an se resitasyon leson kòm mòd evalyason konesans elèv yo. Se yon pwen ki te atire atansyon mwen kòm moun k ap fè rechèch sou lang ak edikasyon.


Nan klas sa a, nosyon konesans ta tonbe nan yon kategori definisyon konesans kòm memorizasyon tèks otè a ekri nan yon liv jan li ye a, sa vle di memorize leson an an fransè jan l ye a epi resite l jan l ye a an bon fransè. Nan obsèvasyon mwen fè yo, mwen pa jwenn yon kote nan kou istwa a kote te genyen yon diskisyon kèlkonk sou yon seri konsèp kle nan leson an tankou sous richès kolon espayòl yo, tout richès yo te genyen, oubyen konsèp kolon espanyòl la menm e sa li vle di ni pou elèv yo ni pou anseyan an kòm moun ki soti nan yon kontèks istorik ki pa depaman ak nosyon sa yo. Kategori diskou sal klas la se yon diskou kote ni anseyan an ni elèv yo konsantre sou pwodiksyon enonse ki vize repetisyon leson an an fransè, pou elèv yo memorize leson yo an fransè epi pou yo resite leson yo mo pou mo jan otè a ekri tèks la nan liv la, sa vle di an bon fransè.

Seri enonse ki soti nan inite pawòl trant kat (34) rive karant nèf (49) la suiv menm modèl ansèyman an. Anseyan an poze elèv yo kesyon sou sa kolon espayòl yo te fè avèk richès yo te akimile epi ki vil yo te konstwi. Apre plizyè tantativ pou yo resite leson an, yo rive fè yon ti ale pi lwen men avèk difikilte. Yon lòt fwa, mwen pa jwenn yon kote nan kou istwa a kote te genyen yon diskisyon kèlkonk sou konsèp kle nan leson an tankou richès kolonyal, anpi kolon yo te konstwi, esklavaj, ak fenomèn kolonyaliz la.

Inite pawòl anseyan an inisye yo se sèlman kesyon pou li mande elèv yo pou yo resite leson an, tankou “Combien de temps dura la prospérité d’Hispaniola”. Tout inite pawòl yo anseyan an emèt yo vize mande elèv yo kesyon pou yo reponn tankou pèwokè, oubyen tankou jakorepèt jan nou di sa an Ayiti. E tout inite pawòl elèv yo enonse yo vize eseye repete leson an jis yo resite l jan anseyan an mande l la. Transkripsyon dènye pati leson an moutre apwòch pedagojik anseyan an adopte a: li mande elèv yo pou yo pran adwaz yo, pou yo fèmen liv yo, epi pou yo ekri repons kesyon li poze yo sou adwaz la.

Konsèp ‘kòrèkteman’ nan fraz ‘ekri, pale, resite kòrekteman’ nan sal klas yo: yon paradòks Leson sa a ki dire anviwon 40 minit la te sou kat (4) fè istorik elèv yo te dwe aprann: dire richès kolon espayòl yo, kote richès yo soti, vil yo te bati, epi sa yo te fè avèk richès yo. Elèv yo te oblije memorize chak pati nan leson istwa a, pou yo ekri repons yo kòrekteman jan tèks la ye a, epi pou yo mete yo prè pou yo resite bay anseyan an lè l mande yo fè sa.


Nan de (2) nan inite pawòl yo, anseyan an itilize mo “kòrekteman” (“correctement”) twa (3) fwa pou li mande elèv yo eple mo “trentaine” epi mo “Saint-Jean” “kòrekteman” (correctement). Li te vle asire li elèv yo resite leson an kòrèkteman, an bon fransè. An gwo, pou tout leson istwa a ki dire prèske yon èdtan, sa k te pi enpòtan se pou elèv yo te demontre yo kapab memorize epi yo ka ekri kat (4) fè istorik yo ‘kòrèkteman’. Sa fè istorik sa yo vle di pou lavi elèv yo ansanm ak anseyan an epi jan istwa leson an kontribye nan devlòpman akademik elèv yo pa t parèt twò enpòtan.

Entèraksyon yo nan klas la estriktire sou baz yon atant nou jwenn ni bò kote anseyan an ni bò kote elèv yo, atant ki fè yo kwè devlope konesans nan yon matyè vle di pou elèv la repete epi pou li resite leson an nan liv la jan li ye a, ‘kòrekteman’ an fransè. Nan atant moun yo ki konpoze kontèks ansèyman-aprantisaj nan klas la epi nan estrikti entèraksyon nan klas la, konsèp tankou Hispaniola, prosperité, durée de la prospérité espagnole, exploitation, exportation et importation pa t parèt kòm yon priyorite nan klas la. Poutan, konsèp sa yo ta dwe konstitiye pwen santral diskisyon sou kou istwa a puiske ni elèv yo ni anseyan an se moun ki gen enfliyans yerachi kolonyal sou yo. Men, kouman anseyan an pral angaje elèv yo nan yon diskisyon sou konsèp sa yo nan lang fransè a yo plis jwenn nan liv, se yon kesyon ki enpòtan pou refleksyon nou sou rapò lang ak edikasyon nan peyi Ayiti. Nan refleksyon mwen ap fè yo sou rapò lang ak edikasyon epi jan moun devlope konesans, mwen rive konprann, sanble lè kèk anseyan Ayisyen mansyone konsèp ‘kòrèkteman’ nan kontèks ansèyman an, yo ta itilize konsèp la parapò ak lang fransè a pou elèv yo moutre yo ka ekri trè byen, pale trè byen, epi alafen pwononse trè byen. Itilize leson an ak konsèp sa yo pou yo devlope bon jan konesans ta parèt segondè nan anpil ka.

Kesyon memorizasyon an nan sal klas yo an Ayiti: konesans oubyen fòmalite akademik?


Memorize leson pa kè se yon mòd aprantisaj ki sistematik an Ayiti. Li rive plis nan ka kote elèv la oubyen etidyan an manke konprann kontni yon tèks kèlkonk e yo nan obligasyon pou yo resite li lè yo nan kontèks evalyasyon. Mòd aprantisaj sa a kapab yon efò pou moun nan akeri yon seri konesans li gen difikilte pou li pran si se pa memorize li memorize yo. Kòm manyèl eskolè yo se an fransè yo ye an jeneral an Ayiti, sistèm edikasyon an ankouraje elèv yo pou yo memorize kontni liv yo an fransè malgre se kreyòl yo pale lakay yo. Malgré elèv yo devlope anpil efò pou yo rive memorize leson yo, yo oblije fè sa lè yo konnen fòk yo pèfòme nan evalyasyon menm si yo pa rive akeri nivo konesans yo dwe akeri pou yo pèfòme nòmalman nan evalyasyon yo.


Nan sans sa a, enstriksyon an vin redui nan yon senp fòmalite akademik, sa vle di elèv la oubyen etidyan an akonpli yon tach akademik oubyen pèfòme yon konpòtman akademik jis paske li oblije, men se pa paske li vrèman avanse nan develòpman akademik li. Pèfòmans oswa fòmalite akademik sa a plis sanble yon pèfòmans atistik nan sans yon moun k ap jwe yon wòl kèlkonk sou podyòm yon teyat devan yon odyans, kote ni li menm atis la ni moun nan odyans lan, yo tout konnen byen se yon wòl l ap jwe. Nou di se yon fòmalite akademik paske se yon senp fòmalite moun nan konble nan yon milye akademik.


Pèfòmans akademik la vin tounen bi, motivasyon, ak pwen final enstriksyon an. Pafwa elèv yo oblije memorize leson an lè kontni leson an aparaman pa gen twòp relasyon ak vi yo kòm ajan sosyal ki bezwen konesans ki nesesè pou yo abòde defi sosyal yo. Yo oblije memorize leson an jis pou yo pase egzamen an pou yo eskive anseyan an kòm ajan yon sistèm edikasyon ki plis tounen yon sistèm opresyon pou yo. Analiz transkripsyon leson an endike bi enstrikyon an ta plis fokis sou fè etidyan yo memorize leson an epi pou yo pwodui leson an an bon fransè, ‘kòrèkteman; olye pou elèv yo ta devlope bon jan konpreyansyon leson an epi pou yo ta wè rapò leson an genyen avèk lavi yo kòm moun ki jèmen nan yon sosyete ki soti danble nan yon relasyon kolonyal ki kontinye gen enpak sou lavi yo. Pa gen evidans anseyan an te enterese pou elèv yo te konprann konsèp kle yo nan leson an. Pa t genyen yon efò bò kote anseyasn an pou li etabli rapò ant kontni leson an ak lavi elèv yo. Pou anseyan an ta ede elèv yo konprann konsèp kle yo nan leson an, fòk li ta defye pratik ansèyman an ki plis fokis sou chache konnen lang fransè epi pou li ta esplike elèv yo leson an an kreyòl. Konsèp yo ki nan leson an se yon seri konsèp ki gen gwo siyifikasyon ni pou elèv yo ni pou anseyan an. Men oryantasyon ideyolojik pratik ansèyman an nan sal klas la ansanm ak pwoblèm lang nan rann li enposib pou anseyan an ak elèv yo pwofite opòtinite pou yo diskite sou rapò leson an ansanm ak konsèp kle yo genyen pou lavi yo.


Pedagoji venteyinyèm syèk la gen tandans valorize entèraksyon ant elèv ak anseyan yo nan sal klas yo. Men, li enpòtan pou nou met anfaz sou tipoloji entèraksyon ki kapab kontribye nan devlòpman konesans elèv yo. Te gen entèraksyon nan klas la, men se te yon fòm entèraksyon ki fèt sèlman sou kesyon ak resitasyon tèks ki nan manyèl eskolè a, sa vle di yon entèraksyon kote ni elèv yo ni anseyan an itilize vwa otè a jan l eksprime l nan liv li ekri a. Elèv yo pa t gen opòtinite pou yo konstwi vwa pa yo. Pou yo ta rive konstwi pwòp vwa pa yo, fòk yo ta gen yon nivo konesans nan lang fransè a ki ta pèmèt yo entèraji ak anseyan an an fransè oubyen fòk leson an te an kreyòl epi fè entèraksyon an kreyòl. Menm anseyan an pèdi vwa pa l tou. Li oblije itilize yon vwa ki se melanj vwa otè manyèl eskolè a ak vwa sistèm edikasyon an ki enpoze lang fransè a kòm lang enstriksyon menm lè yo konnen trè byen lang fransè a se pa lang elèv lekòl ayisyen li ye. Nan sans sa a, sistèm nan kontribye nan yon aprantisaj ki separe elèv yo avèk pwòp valè yo, pwòp lang yo, pwòp kilti; donk yon aprantisaj ki alyene yo e ki demotive yo oubyen ki motive yo plis pou yo aprann fransè olye pou yo fokis sou esans sa yon gwoup sosyal bezwen pou l devlope milye sosyal li.


Sèl kote nou ta ka di anseyan an atikile pwòp vwa pa l kòm moun ki gen yon enfliyans konsiderab sou oryantasyon panse elèv yo, se lè li te gen pou li pran yon aksyon disiplinè kont elèv yo. Se lè a li itilize lang elèv yo vrèman pale a, sa vle di lang kreyòl la. Entèraksyon ki fèt andan sal klas la se yon entèraksyon ki fèt sèlman avèk kontni otè manyèl eskolè a mete nan liv la epi avèk dezi sistèm edikasyon an ki enpoze lang fransè a kòm lang prensipal nan sistèm edikasyon an. Se yon modèl entèraksyon kote elèv yo repete, memorize, epi resite yon seri konsèp san kontèks, jan mwen di pi wo a, san okenn atansyon pou rapò konsèp sa yo ta genyen ni pou lavi elèv yo ni nan sans jeneral. Se yon mòd ansèyman ki suiv yon pratik transmisyon konesans epi ki kontribye nan fòme pèsonalite elèv yo kòm sijè ki pote mak yerachi kolonyal yon jan pou yo plis kontinye rete nan yon kondisyon sibaltèn.


Aparaman pratik ansèyman an nan klas la ka sanble yon pwoblèm pedagoji. San yon konpreyansyon avanse konsènan kontèks ki antoure pratik ansèyman an, yon chèchè ta kapab menm vle blame anseyan an paske li ap fè elèv yo resite leson an pa kè. Men pwoblèm nan ale pi lwen pase yon senp pwoblèm pedagoji. Sa k ap pase nan sal klas la se sitou repwodiksyon ideyoloji lang ki annda sosyete ayisyen an.


Youn nan atant sosyete Ayiti a genyen konsènan yon moun ki edike se kapasite li pou li pale fransè. Liv matyè yo an jeneral an fransè e pi fò anseyan manke nivo fransè ki ta nesesè pou yo angaje elèv yo nan yon pratik dyalojik konsènan nosyon y ap etidye yo yon jan pou elèv yo ta devlope konesans yo. Se nan sal klas la elèv yo oblije aprann lang fransè a. Fòk yo byen konprann lang fransè a pou yo konprann kontni ki nan manyèl eskolè yo e puiske egzamen yo an fransè epi yo baze sou kontni manyèl eskolè yo ki an fransè, elèv yo sipoze konprann lang fransè a byen pou yo pase egzamen yo. Memorize leson yo se pafwa yon mekanis elèv la itilize pou li siviv nan sistèm edikasyon an, menm jan yon gwoup sosyal kèlkonk devlope mekanis pou siviv nan yon sistèm opresyon annatandan gen entèlektyèl òganik gwoup la ki konprann jwèt la epi pran koze a an men. Memorizasyon an fè pati yon rityèl pou sosyete a konsidere yon moun kòm yon moun ki edike. Anseyan an ansanm ak elèv yo sanse tounen de (2) aktè nan yon seremoni woutin ki fonde nan relasyon kolonyal ki jèmen sosyete Ayiti a e kote lang ak valè kiltirèl ak valè lenguistik moun ki te nan kondisyon dominasyon an ap toufe anba opresyon kolonyal la, menm jan ak sitiyasyon Patrick Chamoiseau dekri nan woman li a kote li moutre ka Solibo ki se karaktè prensipal la k ap toufe anba opresyon Fransè yo nan zile Matinik. Yon bon konpreyansyon pwoblèm lang nan an Ayiti nesesè pou yon moun rive etabli rapò ki ka egziste ant echèk eskolè, develòpman pèsonèl endividi a, epi devlòpman kolektivite a.


Done sa yo ansanm ak refleksyon mwen pwodui yo moutre jan inite pawòl yo anseyan an enonse yo ka oryante edikasyon elèv yo nan yon direksyon espesifik. Done sa yo moutre yon kou sou istwa kote elèv yo te oblije ap resite leson an jan l ye nan liv la. Li moutre tou yon kontèks edikatif kote anseyan an mande elèv yo pou yo pwodui yon tèks kòrekteman, vèbatim, nan yon kontèks edikatif ki fè elèv yo neglije pwòp kilti yo ak lang yo pi konnen an jis pou pèfòme yon tach akademik, tankou yon atis sou yon sèn. Estrikti kondisyon aprantisaj la se yon estrikti kote elèv yo nan obligasyon pou yo pèfòme nan lang fransè a ki se yon lang yo rankontre nan liv an jeneral. Finalite edikasyon an sanse se pou elèv yo konnen lang fransè a olye yo antre nan pwodiksyon konesans ki favorize devlòpman akademik yo. Nan yon kontèks edikatif kote konesans lan tounen yon senp kesyon memorizasyon kontni materyèl eskolè se yon kontèks kote konesans an kriz. Se pa yon kriz sosyete a ka neglije. Elèv Ayisyen ka konpetan ni nan fransè, ni nan anglè, ni nan espayòl depi nou byen konsidere estati pedagojik lang sa yo nan sistèm nan. Men li esansyèl pou sosyete a dabò aksepte sakrifis sa mande pou yo trete kesyon lang kreyòl la, omwen pou nou fè lang kreyòl la sèvi sosyete kote li develope a. Fè lang kreyòl la vini pou elèv ayisyen sa lang fransè a ye pou elèv fransè, oubyen sa lang anglè a ye pou elèv ameriken, oubyen sa lang espayòl la ye pou elèv yo Sendomeng, se ap yon premye pa nan abòde youn nan gwo pwoblèm nan sistèm edikasyon an; men tou, se ap yon premye pa nan devlòpman moun an Ayiti, epi sitou yon premye pa nan direksyon rasyonalite.