Mèsi Da, Ma reine
Par Pierre Wilner

Kriye pa leve lanmò, se te dènye pawòl ou te kite avan w te retounen Alada nan Wayòm zansèt nou yo. Mwen p ap kriye , mwen p ap plenyen, mwen pa tris, paske menm jan avè w, mwen te konnen ke w gen pou ale, wa p retounen ankò si misyon w poko fini.
Anpil nan nou pa t konnen ki moun ki te Da? Ki misyon w te genyen ? Ki zansèt ki te retounen sou vizaj Da?
Anpil nan nou pa konnen depi w fin akonpli misyon an, ou dwe retounen Alada.
Da,
Pasaj ou bò kote nou raple mwen, pwofondè ak yonn nan filozofi ki chita nan vodou an: "pi piti pi fò"
Paske Timoun nan vodou se antite ki pi pisan , ki pi fò.
Selon le prensip kamite yo: "toute naissance est une renaissance" kesyon nou ta dwe poze tèt nou ki grandèt ki te retounen sou vizaj Da? Ki Mesaj li te pote pou nou???
Pèsonèlman mwen idantifye 5 mesaj Da pote pou nou:
Premye Mesaj Da te pote pou nou, nou dwe pran yon lòt wout ak peyi ya, wout zansèt nou te trase kite pou nou an si nou vle soti nan sa nou ye a.
Dezyèm Mesaj Da, antan ke yon éco-citoyenne, se lòt rapò nou dwe devlope ak anviwònman nou ki dwe chita pou baz respè, amoni, pwoteksyon, pwodiksyon repwodiksyon.
Twazyèm Mesaj Da di, nou dwe ansenye timoun yo vrè istwa nou, vrè valè nou yo, tradisyon nou yo, vrè kilti nou, paske se meyè fason pou nou rive kreye yon jenerasyon konsyan epi responsab.
Katryèm Mesaj Da, pa gen lavi san lanmò , pa gen lanmò san lavi. Nou dwe viv ak aksepte tou 2 , paske yonn konplete lòt, yonn depann de lòt (car du fumier nait la vie nouvelle nous disait l'autre).
Senkyèm Mesaj Da, li di nou chèche konn tèt nou, poukisa nou la? Ki misyon nou? Ki moun nou ye?
Mèsi Da , pou ti moman sa men ki rich ak leson de vi.
Mèsi pou egzanp ou bay tout lòt timoun yo sou kisa ki idantite yo.
Ou te pote yon mesaj revolisyonè, paske pou premye fwa nan istwa nou malgre tout manti sistèm néoesclavagiste la rakonte sou kwayans ansestral nou yo, sou istwa nou, sou kilti nou, yon timoun oze di se manti , ou oze di pyebwa nou yo se pa dyab ki ladan yo men se lavi.
Ou oze chante sa nou ye,
Ou oze denonse ipokrizi ak engratitid nou.
Ou oze mete Boukman an valè , bèt nwa mèt sistèm nan.
Ou oze pote valè, ak koulè vodou nou, kote yap montre lòt timoun se bagay dyab.
Mèsi Da,
Mwen konnen w gen pou tounen ankò, se sak fèm pap kriye, paske kriye pa leve lèmò.
À très bientôt ma reine 🙏🙏🙏
Pierre Wilner